Music Note Letter e
Music Note Letter g
Music Note Letter a
Music Note Letter l
Music Note Letter o
Music Note Letter b
Music Note Letter i
Music Note Letter z
  • Remember me

Haitian Music Lyrics

11 - Lajan sere Lyrics 6 years ago
Mwen louvri yon paj nan liv sakre w la
Pa ka fèmen l pakse m wè twòp deja
Se nou ki konn sa n pral fè ak sa (sa n pral fè ak sa)
Mwen gentan anpwazonnen
Tout san mwen kontamine
Ou gentan wè sak rive

Ou di pouki se ou k tonbe anba
An plis ou di m lavi m chaje avèk dram
Men lè n fè lanmou, ou di m li toujou gou (li toujou gou doudou)
Gen lontan m pa enpresyone
Li pa fasil pou kè m kase
W annik vini, ou tounen nesesite

Cheri w se tout sa m t ap chèche
Tout sa m te manke
Yon priyè ki egzose
Ou tankou yon lajan k sere
Ke m te m fin bliye
Sanzatann m al twouve

Cheri w se tout sa m t ap chèche
Tout sa m te manke
Yon priyè ki egzose
Ou tankou yon lajan sere
Ke m te m fin bliye
Sanzatann m al twouve

Nou pa gen anpil tan
Poutan se kòmsi n te ansanm tout tan
Nou youn toujou ka fè kè lòt kontan
Se sak fè aprezan li pa deranje m lè yo di m twò inosan
Sè l mwen ki konn pou ki rezon

Cheri w se tout sa m t ap chèche
Tout sa m te manke
Yon priyè ki egzose
Ou tankou yon lajan sere
Ke m te m fin bliye
Sanzatann m al twouve

Si w wè m ap bat kò m devan w
Si tout fwa w wè m aji kon ti pantan
Li pa nan tanperaman m pou m fè pedan
M pa fè pwomès tout tan
Men tan m avèk tan w vo plis ke dyaman baby
Mwen ak ou fè lesyèl kontan woy

Oh oh! Oh! Oh oh! Oh!
Ohohohohhh! Ohohohohhh!
Oh oh! Oh! Oh oh! Oh!
Ohohohohhh! Ohohohohhh!

Men sa son ben lanmou!
Cheri kenbe m! Kenbe m! Kenbe m!
Ti Monarch ou wè!
Wo...! Wo...!
Klass it is baby! Yes it is baby!

Oh oh! Oh! Oh oh! Oh!
Ohohohohhh! Ohohohohhh!
Oh oh! Oh! Oh oh! Oh!
Ohohohohhh! Ohohohohhh!

Yo di pa gen lanmou ankò ankò
Mwen menm avè w nou pa dakò dakò
Men ki mele m avè yo
Yo di pa gen lanmou ankò ankò
Di sa pa gade nou
Mwen menm avè w nou pa dakò dakò

Wi alèkile, vrè lanmou ra pou twouve
Se enterè moun yo ap jere
Yo bliye l s on bagay ki sakre
Jou mwen avè w sèmante, se sou nou lanmou pral konte
Nou pral egzanp limanite ye anye anye
Doudou vini mwen ba w siwo

Yo di pa gen lanmou ankò ankò
Men sa pa gade nou
Mwen menm avè w nou pa dakò dakò
Sa nou ba yo pote?
Yo di pa gen lanmou ankò ankò
Mwen menm avè w nou pa dakò dako

M di alèkile, vrè lanmou ra pou twouve
Se enterè moun yo ap jere
Yo bliye l s on bagay ki sakre
Jou mwen avè w sèmante, se sou nou lanmou pral konte
Nou pral egzanp limanite ye anye anye
Doudou vini blofew

Oh oh! Oh! Oh oh! Oh!
Ohohohohhh! Ohohohohhh!
Oh oh! Oh! Oh oh! Oh!
Ohohohohhh! Ohohohohhh!

Castel Leroi, lekòl la pap ret ban vid tande
Sa k poko enskri kouri
Men sa s on sen sakreman
Ou la la la la
Wo…
239 - Only For You Lyrics 6 years ago
Verse 1]
People search the world to find love, but it’s so easy to give up
But I know patiently waiting, praying for you
Has only prepared us now for what we have
You’ve earned all my trust, gave all I’ve been missing
I’m lucky to feel this way cause we live in a world that needs love
I’ve found it and I’m holding on to you

You…

[Hook]
Mwen prè pou m kouri fè tou latè
Only for you, mwen prè pou m desann jis fon lanmè
Only for you, mwen prè pou m goumen ak Lisifè
Only for you, I’ll do this just for you
I’ll do this just for you

[Verse 2]
Yon lanmou ki fè m satisfè, se yon kado ki sot nan syèl
M konnen se pa de priye n priye pou sa
Mwen pa regrèt yon jou, menm yon segond

[Hook]
Only for you Mwen prè pou m kouri fè tou latè
Only for you, mwen prè pou m desann jis fon lanmè
Only for you, mwen prè pou m goumen ak Lisifè
Only for you, I’ll do this just for you
I’ll do this just for you

[Bridge]
Mwen vire latè tèt anba pou m jwenn yon moun ki fè kè m bat
Jwenn nanm ou, pa gen anyen mwen pap fè pou li

Only for you…

[Keyboard solo]
Oh oh

[Chorus]
Mwen prè pou mwen mache sou dlo
Mwen prè pou mwen pote w sou do
Mwen prè pou mwen leve w anlè
Ba w tout valè k gen sou latè

[Keyboard solo]

Pour toi, je serai toujours là
Si je compte, je compterai pour toi

Pour toi, je serai toujours là
Si je compte, je compterai pour toi

[Chorus]
Mwen prè pou mwen mache sou dlo
Mwen prè pou mwen pote w sou do
Mwen prè pou mwen leve w anlè
Ba w tout valè k gen sou latè

[Keyboard solo]
Oh oh

[Hook]
Only for you Mwen prè pou m kouri fè tou latè
Only for you, mwen prè pou m desann jis fon lanmè
Only for you, mwen prè pou m goumen ak Lisifè
Only for you, I’ll do this just for you
I’ll do this just for you
228 - Konfye ak Mefyans Lyrics 6 years ago
Mwen l'éternel optimiste,
Mwen fini pa aksepte
Nan lavi fòw pran prekosyon,
Ou pa dwe livre kè'w bay tout moun.
Peut être ke se naïveté,
M'toujou kwè nan franc parler,
Bay tout moune bénéfice du doute,
M'panse nou tout te konprann ke,
La confiance est elementaire,
Se yonn nan première notion
Qui regit la loi de l'amitié
Li chokan lè yon moun divulge
Saw te di’l en confidence min’m si’n pa zanmi anko.

[Koral]
Nan toute type relation fok gin konfyans li gratwi (2X)

Nou pa vle egzajere
Men se yon reyalite
Tôt ou tard nou tout afwonte
Danje 'k gen nan fè noun konfyans
Pa juje moun sou karate w
Gen de prensip de base ki ta supoze sacré.
Li chokan lè yon moun divulge
Saw te dil en confidence menm si'n ta vin dos à dos......

Sa pap riven anko
Pou yon moun dil zanmim
Poum ouve kem ba li
Les hommes trop pa sincere
Gen sa ki konn jure
Yo se pi bon partnew
Yo menm poze des actes
Ki few fe yo konfyans

[Koral]
Mais c'est de la confiance
Que nait la trahison
Yon moune pa dwe
Fe moune konfyans a San pou San (2X)

Sa pap rive’m anko
Kite fe beau diskou fe’m panse yon moune sincere
Pandan lap pran’m sou plan
Wa pe plenyin ave’m le moune fe’m sak pa sa
Epi se ou min’m min’m kap pwoyade’m nan do

[Koral]
Mais c'est de la confiance
Que nait la trahison
Yon moune pa dwe
Fe moune konfyans a 100% (2X)

Si min’m lombraj ou ka trayi ou nan fe nwa
Sa pa dwe etone’w le yon zanmi dezerte’w
Se yon experience kap permet yon non’m grandi
Pran’l avek kouraj et surtout apran’n de li oh oh

[Koral]
Mwen di le’w bay kou bliye
Le’w pote mak fok ou sonje
Zanmi kwe mwen m'aprann de ere mwen an

Mwen di le’w bay kou bliye
Le’w pote mak fok ou sonje
Zanmi kwe mwen m'aprann de ere mwen an

Si min’m lombraj ou ka trayi ou nan fe nwa
Sa pa dwe etone’w le yon zanmi dezerte’w
Se yon experience kap permet yon non’m grandi
Pran’l avek kouraj et surtout apran’n de li oh oh

[Koral]
Mwen di le’w bay kou bliye
Le’w pote mak fok ou sonje
Zanmi kwe mwen m'aprann de ere mwen an

Mwen di le’w bay kou bliye
Le’w pote mak fok ou sonje
Zanmi kwe mwen m'aprann de ere mwen an
262 - Lanmou Ou Lamitie (Fruit Defendu) Lyrics 6 years ago
Mwen ta renmen di'l kijan m'ap soufri
Kijan mwen anvi'l, jan m'ap fou pou li
Pito'm fe silans, paske m' pa gen chans
Sel li mwen renmen e li pa pou mwen

[refrain]
Je la veux, je la veux mais c'est la femme de mon ami
C'est mon fruit defendu, la femme qui me fait frissonner
En verite mwen santi'm ta rele,e,e, oh,oh oh
Aaaaayaaaayay........
Nan tout fanm sou la te pouki se ou m'renmen
Ayayayyayaaay
Cheri ou toumante'm o mwen pa ka kenbe

O,o,o chak fwa l'ap pase, m'kache map gade'l
Si li te pou mwen jan'm ta dolote'l
Mwen konnen m'peche, mwen konvoitise
Bondye si ou pa ede'm, mwen ka fe yon betiz

[refrain]
Je la veux, je la veux mais c'est la femme de mon ami
C'est mon fruit defendu, la femme qui me fait frissonner
En verite mwen santi'm ta kriye, oh, oh,oh..
Ayayaayaayayyy...
Nan tout fanm sou late pouki se ou m'renmen
Ayayayaaay
Cheri ou toumante, o mwen pa ka kenbe
Mwen pa kapab anko, lape vire loloj mwen
Mwen pakab kenbe

Mwen ta renmen manyen ou, karese ou
Si c'etait possible
Mwen ta renmen montre ou tout sak nan ke'm pou ou
Si c'etait possible
Nou ta fe ti flannen men nan la men
Si c'etait possible
Mwen ta pot fle pou ou, di ou jan ou bel
Si c'etait possible

Ooooh! la femme de mon ami
Ooooh! je l'aime a la folie
Ooooh! sel bagay m'anvi di'l
Ooooh! se sa'm pa gen dwa di'l

Ooooh! la femme de mon ami
Ooooh! je l'aime a la folie
Ooooh! sel bagay m'anvi di'l
Ooooh! se sa'm pa gen dwa di'l

M'ap priye Bondye, pou mwen pa sukonbe
Tantasyon sa tro fo, e m'pa gen fos anko(4x)
Oh, oh,oh
44 - Keep It On The Down Low Lyrics 6 years ago
[Intro]
Yes…
Grusome
J Perry
You know the deal
Gotta keep it on the down low, you know

[Chorus]
Girl I want you, keep it on the down low
I wanna get down with you
Baby girl, that’s for sure
Just keep it on the down low
Wanna spend some good times with you
But no one else should ever know
Let’s keep it on the down low
And if a hole digger asks you,
Shortie you already know to keep it on the down low
I wanna get down with you

Keep it on the down down down
On the down low

[Verse 1]
Make sure that you won’t talk
That is all I wanna know
Waiting on that answer before I crawl all over you
Gonna take my time, gonna relax and take it slow
Is it okay if I play you like a guitar
Treat you like the queen that you are
Is it okay to drive you around in my car
Don’t worry, no one will ever know what we are about girl

[Chorus]
Girl I want you, keep it on the down low
I wanna get down with you
Baby girl, that’s for sure
Just keep it on the down low
Wanna spend some good times with you
But no one else should ever know
Let’s keep it on the down low
And if a hole digger asks you,
Shortie you already know to keep it on the down low
I wanna get down with you

Keep it on the down down down
On the down low

[Grusome]
That’s how you better keep it
And leave this step a secret
Sleep at the Fontainebleau wake up watching Kelly and Regis
I think that’s room service, you better believe it
Go ahead and let them in girl, they coming to feed us
We can’t be holding hands boo, somebody will see us
And you know me, I ain’t about the drama
Then have some chickenhead run and and tell my baby mama

[Chorus]
Girl I want you, keep it on the down low
I wanna get down with you
Baby girl, that’s for sure
Just keep it on the down low
Wanna spend some good times with you
But no one else should ever know
Let’s keep it on the down low
And if a hole digger asks you,
Shortie you already know to keep it on the down low
I wanna get down with you

Keep it on the down down down
On the down low

[Grusome]
We got a thing going, let’s keep it on the DL
Hopped in my whip, yeah the black on black CL
5 chains on shining, call me FDL
If you wanna holla at me, text, email
You want me, you could find me -- we can kiss, but don’t tell
Baby oh well, meet me at a hiding place
There’s only room for one girl, baby I’m out of space

[Chorus]
Girl I want you, keep it on the down low
I wanna get down with you
Baby girl, that’s for sure
Just keep it on the down low
Wanna spend some good times with you
But no one else should ever know
Let’s keep it on the down low
And if a hole digger asks you,
Shortie you already know to keep it on the down low
I wanna get down with you

Keep it on the down down down
On the down low

[Outro]
All the fine ladies, if you’re down to keep it quiet say
Oh oh
If you know how to keep a secret and you’re ready to bring it say
Oh oh

All my fine ladies, if you’re down to keep it quiet say
I can keep it on the down low
If you know how to keep a secret and you’re ready to bring it say
Yes, I can keep it on the down low
38 - Ayibobo Lyrics 6 years ago
Haiti, mon pays, ma patrie
Mwen vin pale nan non ou cheri
Tout sa m di, yo soti nan zantray ou
Tout lwa yo, espri yo, ginen yo,
Tout voyem fon ti pale pou yo
Chovi yo, rasanble vin tande istwa yo
Se nou k te konmanse revolution
Zansèt nou yo yo pat janm pran nan presyon
Se nou k te konmanse liberasyon
Kilti nou se nou
Se li k fè nou Gran ye ye ye...

Nou vin montre le monn antye
Kisa nou vo
Men nan la men nou vin mache
Nou pran w lòt nivo
Yon sèl nasyon yon sèl fanmi
Yon sèl drapo
Men yap chant'on menm melodi
Ayibobo
Tout moun edem chante
Ayibobo
Le monn antye fòn repete
Ayibobo
Ayisyen mwen pa tande
Ayibobo
Edem chante edem rele
Ayibobo

[Zing]
Mwen pap pale anglè
Mwen pap menm pale fransè
Map pale ak diyitem
Kreyòl pale, kreyòl konprann
Tout lòt nasyon vle imite n’
Nou son pèp ki gen fyète
Tablo nou se li k’ pi fò
Resous nou se yon trezò

Nou se lò, se lò, se lò
Li lè pou n’ ranmase tèt nou
Wi nou se lò, se lò, se lò
Tanbou a se li k’ pou nou

Lwa pran m’
Pandan m’ Chita anba mapou lakay oh
Lwa pran m’
Benyen basen zim zantray oh
Ayibobo!
Nou vin montre le monn antye
Kisa nou vo
Men nan la men nou vin mache
Nou pran w lòt nivo
Yon sèl nasyon yon sèl fanmi
Yon sèl drapo
Men yap chant'on menm melodi
Ayibobo
Tout moun edem chante
Ayibobo
Le monn antye fòn repete
Ayibobo
Ayisyen mwen pa tande
Ayibobo
Edem chante edem rele
Ayibobo

Mwen antre wo nan Lakou wa
Pran lari a
Mwen antre wo nan Lakou wa
Pran lari a
Mwen antre wo nan Lakou wa
Pran lari a
Mwen antre wo nan Lakou wa
Pran lari a

Nou vin montre le monn antye
Kisa nou vo
Men nan la men nou vin mache
Nou pran w lòt nivo
Yon sèl nasyon yon sèl fanmi
Yon sèl drapo
Men yap chant'on menm melodi
Ayibobo
Tout moun edem chante
Ayibobo
Le monn antye fòn repete
Ayibobo
Ayisyen mwen pa tande
Ayibobo
Edem chante edem rele
Ayibobo

Mwen antre wo nan Lakou wa
Pran lari a
Mwen antre wo nan Lakou wa
Pran lari a
Mwen antre wo nan Lakou wa
Pran lari a
Mwen antre wo nan Lakou wa
Pran lari a
116 - San Wont Lyrics 6 years ago
[Intro]
Sanwont o sanwont (x4)
Yo pap kontan
Sanwont o sanwont
Shassy Tonymix Jvens
Mizik maleur

[Hook]
Kite peyi m mache, sanwont
Pa boule kawochou, sanwont
Sispan kraze brize, sanwont
Fòk timoun yal lekòl, sanwont
Sanwont o sanwont (x4)
Kite peyi nou vanse, sanwont
Se ou kap kraze l, sanwont
Olye w met tèt ansam, sanwont
Nou pito fè malfezan, sanwont
Sanwont o sanwont (x4)

[Verse 1]
Depi syèk sa rive nou toujou sou espwa - aaah sou espwa
Pati politik vle lagen nan traka - aaaah nan traka
Olye pou nou vanse nou plis kwè nan fè mal - aaah nan fè mal
Li lè pou Haiti ta soti nan fè nwa - aaaah nan fè nwa
Haitien m yo, fè m we n
Pou linyon vye, fè m we n
Pou chanjman vre, fè m we n
Pou propte vre, fè m we n
Sin gen konsyans vre, fè m we n
Sin gen bon sans vre, fè m we n

[Verse 2]
Moun ap pale ou vin foure bèk ou – koman w fè sanwont konsa
Wap pale m mal w ap vin cheke m – koman w fè sanwont konsa
Se mouch ou bwè hen
Se chen w souse hen
Gren sanwont ou bwè hen
Di m non tonè
Yo pap kontan

[J-Vens]
Ekate pye w
Bese tèt
Toner
Nou pral zougloudou tonerr
Zougloudou (x8)

[Hook]
Kite peyi m mache, sanwont
Pa boule kawochou, sanwont
Sispan kraze brize, sanwont
Fòk timoun yal lekòl, sanwont
Sanwont o sanwont (x4)
Kite peyi nou vanse, sanwont
Se ou kap kraze l, sanwont
Olye w met tèt ansam, sanwont
Nou pito fè malfezan, sanwont
Sanwont o sanwont (x4)

[Verse 3]
Son kesyon de moun pa, ti kolon pa, ti pati pa
Ti pep la pran nan ka
Sim te m ta
Sim te m te m ta
Sim te m ta sim te sim te m ta
Fe peyizan travay late, bese lavi cher
Kreye plis lekol m tap bati plis lopital
M tap kreye plis faktori
Manman pitit tap resi ri
Sim te m ta
Sim te m te m ta
Sim te m ta sim te sim te m ta

[Tonymix]
Bodeget bodeget bodeget
Tout moun ki pa sanwont leve 2 menn anle

[Shassy]
Sim te m ta
Sim te m te m ta
Sim te m ta sim te sim te m ta
Kitel mache , kitel vanse plante bwa, pa boule bwa , ranmase fatra
Kite peyim mache
Kanmem fok nou rive
Ti pa ti pa ti pa

[Hook]
Kite peyi m mache, sanwont
Pa boule kawochou, sanwont
Sispan kraze brize, sanwont
Fòk timoun yal lekòl, sanwont
Sanwont o sanwont (x4)
Kite peyi nou vanse, sanwont
Se ou kap kraze l, sanwont
Olye w met tèt ansam, sanwont
Nou pito fè malfezan, sanwont
Sanwont o sanwont (x4)

Kite peyi n mache sanwont (x2)
110 - MAP TANN AYITI PAM NAN Lyrics 6 years ago
[Intro]
Tout Ayiti k pa bon pou youn, li bon pou lòt

[Hook]
Mwen wè Ayiti gwo chabrak yo
Mwen wè Ayiti etranje yo
Se pa pou tout moun ke Ayiti pa bon
Ak lafwa, m ap tann Ayiti pa m nan
Mwen wè Ayiti gwo palto yo
Mwen wè Ayiti Minustah yo
Se pa pou tout moun ke Ayiti pa bon
Ak lafwa, m ap tann Ayiti pa m nan

[Verse 1]
M pa ka viv isi, m pa ka viv laba
M pa nan hamburger, m pa nan pen ak manba
M pa anyen isi, m pa anyen deyò
Donk m s on kèlkonk moun ki dòmi deyò
Konsitisyon pwomèt mwen asistans,
Men sa date de tèlman lontan m vin gen degoutans
Lè m mande paleman ki sa li ka fè, li di m lwa se papye, bayonèt se fè
M vin konprann ke m lage poukò m nan yon savann,
Se mwen ki pou rele, se mwen ki pou reponn
Mwen pase anba fil, mwen pran kantè
Men lòt peyi yo ban m enstalasyon, yo pa ban m kontè
M vin tounen yon dyaspora ilegal ki t ap chache on maleng pou l grate ki jwenn yon pè gal
Se kò m ki laba, lespri m Ayiti
Podyab malere pa vwayaje, se pati l pati

[Hook]
Mwen wè Ayiti gwo chabrak yo
Mwen wè Ayiti etranje yo
Se pa pou tout moun ke Ayiti pa bon
Ak lafwa, m ap tann Ayiti pa m nan
Mwen wè Ayiti gwo palto yo
Mwen wè Ayiti Minustah yo
Se pa pou tout moun ke Ayiti pa bon
Ak lafwa, m ap tann Ayiti pa m nan
[Verse 2]
Bò isi blanmannan gen valè pase nou
Yo posede byen pase nou, yo sekirize pase nou
Yo manje pi bèl pwason pase nou
Yo bwè pi bon ji pase nou
Yo gen tè pase nou
De ki Ayiti w ap pale hein?
De sa ki bon pou yo a, ou de sa k ap fè nou soufri a?
Di m de ki boujwazi w ap pale? O an verite yo bon pou pri a
Pi gwo lapenn lè m vwayaje se lè m kontre Ayisyen ki posede plis ke 2 bacc
Yo te anvi rete pou mennen bak yo, men mache an Ayiti a kraze pak yo

[Hook]
Mwen wè Ayiti gwo chabrak yo
Mwen wè Ayiti etranje yo
Se pa pou tout moun ke Ayiti pa bon
Ak lafwa, m ap tann Ayiti pa m nan
Mwen wè Ayiti gwo palto yo
Mwen wè Ayiti Minustah yo
Se pa pou tout moun ke Ayiti pa bon
Ak lafwa, m ap tann Ayiti pa m nan
[Bridge]
Pi bèl kokoye yo se pou yo
Pi bèl bout yanm yo se pou yo
Ey plaj yo se pou yo
Peyi Desalin nan se pou yo o
Pi bèl fanm kreyòl se pou yo
Bèl otèl se pou yo
Yo gen 27,750 kilomèt kare
Se mwen k pa gen peyi

[Hook]
Mwen wè Ayiti gwo chabrak yo
Mwen wè Ayiti etranje yo
Se pa pou tout moun ke Ayiti pa bon
Ak lafwa, m ap tann Ayiti pa m nan
Mwen wè Ayiti gwo palto yo
Mwen wè Ayiti Minustah yo
Se pa pou tout moun ke Ayiti pa bon
Ak lafwa, m ap tann Ayiti pa m nan

Tout Ayiti k pa bon pou youn, li bon pou lòt
BIC Tizon Dife
88 - Bootleg Lyrics 6 years ago
Kisa k' [bootleg] la
Eh eh eh
Kisa k' [bootleg] la
Eh eh eh
Let's going find out

Se pa fo CD ou fo DVD
Lè w tande nou di [bootleg]
Men kisa n' vle di (kisa)
Son seri de fi ki pa vle mennen 2 vi
Yo di tan yo pran yon lòt nèg
Y'al achte yon [bootleg]
Mesye yo di : « Nou pito [bootleg] la »
Poukisa ? « Olye li pran lòt nèg la »
« Nou pito [bootleg] la » [TER] (3 Fwa)

Gen sa ki di mennaj mwen lwen
Lè m vle lanmou l'pa la pou mwen
Ak [bootleg] la m'degaje mwen
E l'konn fè anpil tan __________
Gon lòt ki di mpa gen ase ak mari mwen
Achak fwa li fè bèk atè
Lè konsa mwen pa satisfè
Se [bootleg] la ki fè rès djòb la

Patricia di l' pa gen nèg
Men li gen yon [bootleg]
Marie-Rosita di l' pa gen nèg
Men li gen yon [bootleg]
Jessica di l'pa gen nèg
Men li gen yon [bootleg]
E ou ti madanm ekwè gen nèg
Kisa pou w fè [bootleg] !

--------- [solo] ----------

Katy al kay Anne-Marie son bon ti zanmi l
Li pap twonpe mennaj li l' ka plede pou li
Men lè l' ouvè [closet] li, li wè yon bootleg
Olye Manzè ta sezi li mande prete l poul goute
Ôoo Bondye

Anmwe oo
Rele woy
Rele
Anmwe gason dosye

Katy al kay Anne-Marie son bon ti zanmi l
Li pap twonpe mennaj li l' ka plede pou li
Men lè l' ouvè [closet] li, li wè yon bootleg
Olye Manzè ta sezi li mande prete l poul goute

Anmwe oo
Rele woy
Rele
Anmwe gason dosye


Men ti madanm kisa pou w fè [bootleg]
82 - Eudomination Lyrics 6 years ago
[Intro]
Pipo Beats
EUD
Mikaben
Let’s go cmon

Papa m sot Leogane
Manman m sot Okap
M sot Jalouzi Ayiti – say what

[Verse 1]
Nevè poko rive snapchat anraje
Dizè poko rive tout rezo branche
Facebook, IG, Twitter s on sèl bagay k ap pale
Iyoudi this, Iyoudi dat, Iyoudi k ap inove
Mwen chanje swag yo, y ap sipliye m pou mwen tag yo
Se vòlè selfie, lè w wè m nan party se kouri poste pou mwen like yo
Ou konnen m poze, m pa nan fè chawa pou m pase
Se yon prensès kap rive fè kò w fè S ouvè kò w banm pase

[Hook]
On est venue pour vous faire bouger
On est venue pour vous faire danser danser oh
Ca va chauffer, on avance, on avance
Sauter, sauter, bouge bouge dans la danse

[Verse 2]
M valide tèt mwen sou tout billboard serye nan lari se tèt mwen
Nèg yo vle trèt mwen, y ap mande bondye kilè m ap pran retrèt mwen
M pa nan mannigèt, m pa nan pran bagèt se sak fè yo pa vle jwe track mwen
Men kitemele m fanatik mwen avè m se yo k voye m high se yo ki krack mwen
Mwen konnen kèk fanm ki rayi m
Men mari yo renmen m
Fanmi yo renmen m
Zanmi yo renmen m, tout Ayiti renmen m

[Hook]
On est venue pour vous faire bouger
On est venue pour vous faire danser danser oh
Ca va chauffer, on avance, on avance
Sauter, sauter, bouge bouge dans la danse

[Verse 3]
Eudomination en création pour toute une nation
Fuck les jalous, je bosse dure avec passion
M voye karabela monte ak Eudcollection
Pifò Ayisyen kounya vle g on koleksyon
M voye tèt grenn nan lòt dimansyon
M prezante Ayiti nan bon kondisyon
Iyoudi s on fil a haute tension
Tout jan w vire l li ba w Eudomination
Ti poulèt sove zèl li pouse yeah li tounen yon pan
Lè w konn fè kolòn w antre nan batay meme si la vie en dépend
Mwen toujou saj, m pa arogan men m ka tounen on vòlkan
Ann bliye tout bagay kounya, banm mizik pou pete tenpan

[Hook]
On est venue pour vous faire bouger
On est venue pour vous faire danser danser oh
Ca va chauffer, on avance, on avance
Sauter, sauter, bouge bouge dans la danse
Today's Media Activities
Like us on Facebook
Playlist Music Red Blue Iconplaylist