Lrc Player

Yanvalou

Renette Desir (Netty) · Synced to Yanvalou
[04:37.00]·

[00:10.96] Tout rekòl la fin keyi

[00:14.00] Mayi fin seche sou glasi

[00:19.50] Manchèt ak kouto digo

[00:22.75] Prale resi pran yon repo

[00:26.75] Sa pa vle di afè li bon

[00:31.00] Aprè rekòl se mòd sezon

[00:38.50] Anba tonèl kay Mini

[00:41.75] Tout abitan yo reyini

[00:47.25] Gen yon tchaka sou dife

[00:50.25] Yon diri blan k'ape toufe

[00:54.75] Yon te jenjanm k'ap sikile

[00:58.69] Nan de twa gòdèt emaye

[01:06.00] Chak moun gen yon istwa

[01:09.75] Gen yon koze pou li rakonte

[01:14.25] Men lè li vin fè nwa

[01:18.25] S'on tanbou ou tande ki leve

[01:25.25] O Yanvalou Yanvalou

[01:28.25] Pou yon ti moman w' fe nou bliye

[01:32.25] Tout traka tout mize nou pase

[01:36.50] Do nan solèy ak pye nan labou

[01:40.50] O Yanvalou gras a ou

[01:44.25] Nou kapab pran ti plezi nou tou

[01:48.50] Menm si n pa gen lajan pou n' jete

[01:52.25] Sèl bagay nou bezwen pou n' danse

[01:56.04] S'on fil banbou ak yon kata

[01:59.75] Yon pè tanbou ak yon mandouba

[02:03.75] S'on fil banbou ak yon kata

[02:07.25] Yon pè tanbou ak yon mandouba

[02:14.25] Sa konn rive pafwa

[02:17.75] Yon ti mizik ki soti nan bwa

[02:22.00] Yon lè avek yon lon

[02:25.30] Ou tande l'ap vin jwe nan salon

[02:31.55] O Yanvalou Yanvalou

[02:34.72] Si janmè yon jou sa ta rive

[02:38.72] Pa bliye ki kote w' te leve

[02:42.47] Do nan solèy ak pye nan labou

[02:46.72] O Yanvalou mwen pa di

[02:50.23] Ke w' pa gen dwa pou fè lòt zanmi

[02:53.98] Men pinga ou kite soulye vèni

[02:57.97] Fè w' meprize tonèl kay Mini

[03:01.22] Ak fil banbou ak yon kata

[03:05.22] Yon pè tanbou yon mandouba

[03:09.01] Ak fil banbou ak yon kata

[03:12.76] Yon pè tanbou yon mandouba

[03:16.26] Yon fil banbou ak yon kata

[03:20.26] Yon pè tanbou yon mandouba

[03:24.02] Yon fil banbou ak yon kata

[03:27.77] Yon pè tanbou ak yon mandouba

[03:31.52] Yon fil banbou ak yon kata eee

[03:35.27] Yon pè tanbou yon mandouba

[03:39.02] Yon fil banbou... Kata aaa...

[04:01.02] Yon fil banbou ak yon kata

[04:04.26] Yon pè tanbou yon mandouba

[04:08.01] Yon fil banbou ak yon kata eee

[04:11.51] Yon pè tanbou ak yon mandouba

[04:15.26] Yon fil banbou ak yon kata

[04:18.51] Yon pè tanbou yon mandouba

[04:22.51] Yon fil banbou... Kata aaa... mandouba eee

[04:30.37] Banbou... Kata...

[04:33.37] Yon pè tanbou ak yon mandouba

[04:36.95] Yon fil banbou ak yon kata

[04:40.20] Yon pè tanbou ak yon mandouba